Popilarite Prezidan Etazini Donald Trump bese pandan jou ki pase yo nan moman anpil Ameriken gen kè sote pou direksyon ekonomi peyi a ap pran epi nouvo lidè a ap menase divès peyi ak tarif.
Se sa ki nan yon nouvo sondaj opinyon Reuters fè ak Ipsos.
Sondaj la, ki fèt pandan 6 jou e ki fini Madi, montre 44% Ameriken apwouve de travay Trump ap fè kom prezidan. Nan sondaj ki te fèt ant 24 ak 26 Janvye, gen 45% Ameriken ki te apiye mezi li pran. Chif yo te anrejistre ant 20 ak 21 Janvye apre envestiti Trump ak retou li nan Mezonblanch la te 47%.
Kantite Ameriken ki pa apwouve prezidans la ogmante pi plis pou l rive a 51% nan dènye sondaj la, konpare ak 41% ke yo te anrejistre apre envestiti a.
Trump gen bon jan sipo pou politik imigrasyon li yo - swa 47%. Ameriken ki patisipe nan sondaj la di yo dako ak apwoch li ki enkli depotasyon an mas migran kap viv Etazini ilegalman.
Men kantite Ameriken ki kwè peyi a pa sou bon chimen ekonomik ogmante pou l rive 53%, konpare ak 43% ant 24 ak 26 Janvye.
Sipo Ameriken pou fason Trump ap jere ekonomi a bese a 39%.
Gen sèlman 32% Ameriken ki apwouve de pèfomans Trump pou kontwole enflasyon. Ekspè yo di sa ka yon siy desepsyon elektè yo paske ekonomi a te yon pwen santral ki te motive yo vote pou Trump. Elektè yo te eksprime mekontantman yo dèske pri machandiz yo te ogmante anba administrasyon Biden nan e sa te febli l nan eleksyon prezidansyèl la.
Trump te ranpote la viktwa sou vis prezidan Biden nan, Kamala Harris nan Kolèj Elektoral la epi li genyen vot popilè a pa yon maj tou mens.