Evèk Katolik yo asiyen administrasyon Trump la akoz li deside sanzatann sispann finansman pou relojman refije yo. Evèk yo di mezi a se yon vyolasyon lwa peyi Etazini epi sa koze domaj pou refije ki fèk rive Etazini anba pi gwo pwogram relojman prive peyi a.
Konferans Evèk Katolik Ameriken yo di administrasyon an kenbe plizyè milyon dola ki rezève pou ranbousman frè deplasman ki te fèt anvan presasyon sèman Trump.
Dosye legal la di desizyon sa a vyola plizyè lwa epitou pati nan konstitisyon peyi a ki bay Kongrè a pouvwa pou l jere depans leta. Kongrè a te deja apwouve finansman pou Sèvis Migrasyon ak Refije yo. Sepandan gen 50 anplwaye - prèske mwatye moun kap travay pou ajans sa a ki resevwa lèt revokasyon. Biwo lokal Charite Katolik yo atann yo aske ap gen plis rediksyon nan lavni.