Trump di Etazini Pral Enpoze Tarif kont Kanada, Meksik 2 Avril

Prezidan Etazini Donald Trump prezide premye rankont kabine li nan Lamezonblanch, Washington, 26 Fevriye, 2025.

Prezidan Etazini Donald Trump ogmante espwa lap pran yon poz 30 jou anko anvan li enpoze tarif sou pwodui Meksik ak Kanada voye vann Ozetazini. Trump deklare tarif yo taka antre ann aplikasyon 2 Avril epi li menase pou etazini enpoze tarif "resipwòk" 25% kont machin Ewopeyen ak lòt pwodui.

Sepandan yon responsab Lamezonblanch di dat limit Trump te fikse anvan sa pou 4 Mas pou l enpoze 25% tarif sou pwodui Meksiken ak Kanadyen yo toujou ann aplikasyon "pou kounyea". Responsab la di fok prezidan an revize aksyon Meksik ak Kanada pran pou sekirize fwontye yo epi sispann kite yon paket migran chankre Etazini an pasan pa lakay yo. Lap veye tou, kantite fantanyl ki antre Etazini.

Trump te kreye konfizyon pandan premye rankont kabinè li Mèkredi lè yo te mande l ki lè tarif pou Kanada ak Meksik pral antre ann aplikasyon. Li te reponn se pral 2 Avril.

Prezidan an deklare: "Fòk mwen di w ke 2 Avril, mwen tapral fe l premye Avril. Men m on ti jan sipèstisye, donk mwen fèl pou 2 Avril pou tarif yo antre an aplikasyon. Se pa tout men anpil."

Komantè Trump yo te lakoz valè dola Kanadyen an Peso Meksiken an te ogmante pa rapò ak dola Ameriken an.

Minis Inovasyon Kanadyen Francois Philippe Champagne di jounalis yo Kanada pral tann Trump siyen dekrè a anvan li reyaji.

Minis Ekonomi Meksik la derefize fè komantè, men li di minis ekonomi Meksik la pral rankontre Reprezantan Komès Etazini ak Sekretè Komès la Vandredi.

Pa rapò ak tarif sou pwodui ewopeyen yo, yon pòt pawòl Komisyon Ewopeyen an di yo pral "reyaji ak fòs e san pèdi tan kont nempot ki baryè ki pa jistifye ki jennen komès lib ak jis."

Pòtpawòl la ajoute: "Inyon Ewopeyen an se pi gwo mache lib nan mond lan. Li se yon obèn pou Lèzetazini."