Lamezonblanch anpeche Mèkredi jounalis Reuters ak lòt medya gen aksè ak premye rankont kabinè Prezidan Donald Trump la. Desizyon sa a koresponn ak nouvo politik administrasyon an konsènan repòtaj jounalis yo.
Lamezonblanch anpeche fotograf Associated Press ak 3 jounalis Reuters, HuffPost ak Der Tagesspiegel, yon jounal Alman kouvri rankont la.
Jounalis televizyon ABC ak Newsmax epitou korespondan Axios, the Blaze, Bloomberg News ak NPR te resevwa pèmisyon pou kouvri evenman an.
Madi, administrasyon Trump la te anonse Lamezonblanch tapral detèmine ki medya ki ka kouvri prezidan an nan espas pi piti tankou Biwo Oval la.
D abitid, se Asosyasyon Korespondan Lamezonblanch yo ki kowòdone ki medya ki fè pati sa yo rele "pool" prezidansyèl la. Reuters, ki se yon ajans de près entènasyonal patisipe nan kouvèti "pool" la depi plizyè dizèn lane.
Sekretè de près Lamezonblanch la, Karoline Leavitt deklare tandiske medya tradisyonèl yo toujou ap gen pèmisyon kouri Trump de jou-an-jou, administrasyon an gen entansyon chanje kiyès ki patisipe nan espas ki pi piti yo. Sistèm "pool" la, ke WHCA administre gen pèmisyon pou seleksyone jounalis televizyon, radyo, près ekri ak fotojounalis ki ka kouvri evenman epi pataje repòtaj yo ak lòt medya yo.
3 medya ki tradisyonèlman te sèvi kom manm pèmanan "pool" Lamezonblanch la se AP, Bloomberg ak Reuters. Yo pibliye yon deklarasyon Mèkredi pou reponn nouvo politik la.
Mesaj la di: sèvis près yo "ap travay depi lontan pou asire nou kominike enfòmasyon ki korèk, jis ak opòten pou moun Ozetazini ak toupatou nan mond lan. Pi fò kouvèti Lamezonblanch moun wè nan près lokal yo, kèlkeswa kote yo ye nan mond lan, soti nan medya sa yo."
Yo ajoute: "Li esansyèl nan yon demokrasi, pou piblik la gen aksè ak nouvèl sou gouvènman yo ke yon près endepandan ak lib ekri.
HuffPost deklare desizyon Lamezonblanch la se yon vyolasyon Premye Amandman konstitisyon an ki garanti libète la près.
Der Tagesspiegel poko fè kòmantè.
Madi WHCA te pibliye yon deklarasyon kote l te pwoteste kont nouvo politik Lamezonblanch la.
Mezi a vini apre desizyon administrasyon Trump la te pran pou l entèdi Associated Press kòm manm "pool" la paske AP te refize refere a Gòlf Meksik la kom Gòlf Amerik la apre Trump te deziye lanmè a konsa. AP refize toufè chanjman nan referans la nan liv li sou ki stil jounalis li yo dwe aplike lè yap fè repòtaj sou sijè an patikilye.
Leavitt di 5 prensipal rezo televizyon ak kab yo pral kontinye patisipe an tou de wòl nan "pool" Mezonblanch la pandan yo ajoute reprezantan sèvis streaming yo. Li di jounalis près ekri yo, epi radyo ap enkli tou, tandiske yo pral ajoute nouvo rezo nouvèl ak animatè radyo.