Men, li ankouraje gouvènman an re-evalye entèdiksyon sa a ki gen de semèn. Jij Tribinal Premye Enstans Trevor N. McFadden di istwa jan de ka sa yo “pa favorab pou Mezon Blanch.”
Li di avoka administrasyon Trump lan ak AP, pwoblèm nan mande plis analiz anvan li pran yon desizyon. AP te depoze yon plent vandredi kote li di dwa li dapre Premye Amannman Konstitisyon an vyole.
Prezidan Donald Trump deklare se yon pinisyon paske ajans la te refize swiv nèt ale dekrè ki chanje non Gòlf Meksik la pou rele li “Gòlf Amerik.”