Accessibility links

Breaking News

Trump Anile Kontra Konpayi Petwòl Chevron Siyen ak Venezyela


Foto Achiv: Yon afich konpayi petwol Ameriken Chevron nan Bradenton, Florid.
Foto Achiv: Yon afich konpayi petwol Ameriken Chevron nan Bradenton, Florid.

Prezidan Etazini Donald Trump deklare Mèkredi li anile kontra leta te akode Chevron CVX.N pou mennen operasyon nan Venezyela. Se Prezidan Joe Biden ki te bay Chevron pèmisyon pou fè sa sa gen plis pase 2 zan desa. Trump site kom rezon ke Prezidan Nicolas Maduro pa fè ase pwogrè sou refom elektoral ak rapatriman migran yo.

Nan yon mesaj li pibliye sou Truth Social, Trump di lap "ranvèse konsesyon" ako petwol la, ki date de 26 Novanm, 2022."

Trump pa nomen Chevron nan komantè li men Washington te akode Chevron yon lisans pou opere nan sektè petwol Venezyela 26 Novanm 2022. Se sèl lisans administrasyon an te akode pou Venezyela jou sa a.

Vis Prezidan Venezyela Delcy Rodriguez pibliye yon deklarasyon sou Telegram kote l di: "Gouvènman Ameriken an pran yon desizyon ki pral koze dega e ki inesplikab lè li anonse sanksyon kont konpayi Ameriken Chevron."

Li ajoute "kalite desizyon echwe sa yo" lakoz moun te kite Venezyela.

Chevron di li o kouran anons Trump la e lap konsidere enplikasyon yo.

Lamezonblanch ak Depatman d Eta pat reponn demann Reuters fè pou komantè.

Depi retou li sou pouvwa a nan mwad Janvye a, Trump di plizyè fwa ke Etazini pa bezwen petwol Venezyela e li kite posibilite pou revoke lisans Chevron genyen pou l mennen operasyon nan peyi a.

XS
SM
MD
LG