Yon Memo USAID Di Sèvis Swen Sante pou Tibebe, Tibèkiloz, Malaria Dwe Rekòmanse

Foto Achiv: Yon neg pase bo kote bwat kes asistans imanite USAID nan yon depo nan Cucuta, Kolonbi, 21 Fevriye 2025.

Yon memo gouvènman Etazini voye ke ajans nouvèl Reuters wè mande pou reprann jefo asistans Ameriken pou kontrekare maladi tankou malarya, sove lavi tibebe ki fek pran nesans, epi prevansyon malnitrisyon.

Prezidan Donald Trump te pran mezi pou jele asistans entènasyonal Etazini pandan 90 jou ann atandan yo revize ki kote peyi a ap depanse lajan li.

Sekretè d Eta Marco Rubio te akode eksepsyon semèn pase a epi klarifye ke jefo ki "sove lavi moun" pa afekte pandan peryod sa a men oganizasyon ki jere pwogram sa yo toujou pa finn konprann kisa ki fè pati eksepsyon sa a.

Memo a mande klarifikasyon sou ki pwogram ki ka rekomanse fonksyone.

Memo a di: "aktivite sa yo pou sove lavi moun dwe reprann oswa kontinye nan pwochen 30 jou nan kad poz 90 jou asistans etranje a pou anpeche moun ki benefisye asistans USAID yo mouri nan jou kap vini yo."