Yon Jij Bloke Pwovizwaman Tantativ Trump pou l Mete 2,200 Anplwaye USAID sou Vakans Peye

Antre Ajans Ameriken pou Devlopman Entenasyonal la, USAID nan Washington, 1 Fevriye 2025.

Yon jij federal bloke pwovizwaman tantativ administrasyon Trump la pou l mete 2,200 anplwaye Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal la sou vakans peye.

Jij Carl Nichols apiye agiman 2 asosyasyon anplwaye federal e li dako pou l mete yon ola nan plan pou egzije anplwaye yo pran vakans peye apati minui Vandredi (7 Fevriye).

Asosyasyon travaye yo plenyen pou di Prezidan Donald Trump pa gen otorite pou l fèmen yon ajans ke Kongrè a kreye legalman.

Trump deklare sou rezo sosyal Vandredi: "FEMEN LI".

Ekip te sèvi ak tep pou bloke non ajans la sou yon afich devan katye jeneral USAID nan Washington Vandredi. Apre sa yo wetire drapo a.