Tarif Trump Vle Enpoze Kont Kanada, Meksik ak Lachin taka Ogmante Enflasyon, Boulvèse Ekonomi a

Prezidan Donald Trump pran la pawol pandan li siyen dekre prezidansyel nan Biwo Oval Lamezonblanch la, 30 Janvye, 2025.

Nouvo tarif Prezidan Donald Trump vle enpoze kont Kanada, Meksik ak Lachin reprezante yon mezi agresiv kont 3 pi gwo patnè komèsyal peyi Etazini. Sa riske an menm tan ogmante enflasyon an epi petèt kreye pwoblèm pou ekonomi global la.

Nan opinyon Trump, tarif 25% kont 2 alye Etazini nan Amerik di No ak 10% sou pwodui yon enpote se yon fason pou Etazini montre puisans finansye li epi refome mond lan.

Prezidan Repibliken an parye anpil pouvwa politik ak mezi sa a ke li gen entansyon pran Samdi. Trump pa kwè tarif yo pral agrave enflasyon an, ni koze enpak finansye ki taka destabilize ekonomi mondyal la oubyen pwovoke kòlè elektè yo.