WASHINGTON —
Anketè yo anonse yo jwenn bwat nwa elikoptè militè Black Hawk ki te fè kolizyon ak yon avyon komèsyal Mèkredi swa.
Yap egzamine done anrejistreman an ansanm ak done avyon an nan kad ankèt yap mennen pou jwen koz aksidan an.
Pandansetan bato lapolis ap fouye flèv Potomac la nan kad operasyon rekiperasyon an. Aksidan mèkredi a se aksidan kote plis moun mouri depi 25 an Ozetazini.
Chèf Ponpye Washington yo, John Donnelly Sr. deklare Vandredi yo rekipere kadav 41 pami 67 moun ki te mouri nan aksidan an.
Avyon kontinye ap dekole epi ateri nan ayewopo nasyonal Ronald Reagan nan. Men gen 2 pami 3 pis aterisaj li yo ki rete fèmen.