Accessibility links

Breaking News

7 Moun Mouri, 19 Blese Nan Aksidan yon Avyon Anbilans nan Filadelfi


Ankete yo travay sou sen aksidan avyon anbilans la nan Filadelfi 1 Fevriye, 2025.
Ankete yo travay sou sen aksidan avyon anbilans la nan Filadelfi 1 Fevriye, 2025.

Omwens 7 moun mouri e 19 blese lè yon avyon anbilans tonbe nan yon katye Filadelfi ki gen anpil aktivite.

Pami viktim yo gen yon timoun ki tap resevwa tretman nan yon lopital Filadelfi ak manman timoun nan.

Tout pasaje ki te abo avyon anbilans la te soti Meksik.

Prezidan Meksiken CLaudia Sheinbaum konfime ke tou le 6 moun abo avyon an mouri.

Majistra Filadelfi Cherelle Parker deklare Samdi gen yon moun nan katye a ki mouri epi 19 blese nan aksidan an.

XS
SM
MD
LG