Accessibility links

Breaking News

Operasyon Rekiperasyon Avyon ki Fè Kolizyon sou Flèv Potomac la Reprann Vandredi


Jefo sekou yo ozalantou zon kote 2 avyon fe kolizyon epi tonbe nan flev Potomac la nan Washington, 31 janvye 2025.
Jefo sekou yo ozalantou zon kote 2 avyon fe kolizyon epi tonbe nan flev Potomac la nan Washington, 31 janvye 2025.

Bato lapolis tounen nan flev Potomac la Vandredi nan kad operasyon rekiperasyon an ak anket y ap mennen sou kolizyon avyon ki lakoz 67 moun pedi lavi yo. Se aksidan avyon kote plis moun mouri Ozetazini depi preske yon ka syek.

Sekouris yo rale plis pse 40 kadav soti nan flev la pandan jefo rekiperasyon masiv la ap kontinye. Responsab yo te pale ak Associated Press sou kondisyon pou yo pa site non yo paske yo pat otorize pou yo bay detay sou operasyon an.

Ankete yo deja rekipere bwat ki anrejistre konvesasyon pilot la epi bwat nwa a ki anrejistre tout done ki gen pou we ak vol avyon an.

Avyon American Airlines la te fe kolizyon ak yon elikopte Lame Etazini nan moman avyon an tap pare pou l ateri nan ayeropo nasyonal Ronald Reagan nan ki sitye tou pre Washington.

Direktris komisyon Sekirite Transpo Nasyonal la, Jennifer Hommendy deklae "tout anplwaye yo ap travay sou evenman sa a."

" Nan kad nempot ki envestigasyon nou gade moun, aparey yo ak anviwonman an. Donk nou pral egzamine tout moun ki te patisipe nan aksidan sa a. Epi anko nap gade avyon an. Nap gade elikopte a. Nou pral egzamine anviwonman kote yo tap opere. Tout sa fe pati envestigasyon de baz nou."

Tout pasaje abo avyon yo mouri. Otorite yo ap egzamine aksyon pilot milite a epitou tou kontwol trafik ayeryen an apre sanble elikopte a te travese chimen avyon American Airlines lan.

Anket sou aksidan avyon kapab pran plizye mwa pou konplete, dapre sa envestigate federal yo di jounalis yo Jedi. Yo ensiste yo pap pale sou koz aksidan an.

Se souvan ke avyon milite yo vole ozalantou vil Washington pou yo ka vinn pi familye ak wout ayeryen yo ta pran si gen yon gwo katastwof oswa yon atak kont Etazini ki ta mande pou yo deplase responsab kle gouvenman an pou sekirize yo.

XS
SM
MD
LG