Accessibility links

Breaking News

Yon Avyon Pasaje ak 64 Moun Abò Fè Kolizyon ak yon Elikoptè Militè Pandan li t ap Ateri Tou Pre Washington


Sekouris yo nan Ayewopo Nasyonal Ronald Reagan nan Washington, 29 Janvye 2025.
Sekouris yo nan Ayewopo Nasyonal Ronald Reagan nan Washington, 29 Janvye 2025.

Yon avyon American Airlines ki tap transpòte 60 pasaje ak 4 manm ekipaj fè kolizyon ak yon elikoptè lame Etazini pandan li tap ateri nan ayewopo Ronald Reagan tou pre Washington. Aksidan an deklanche yon operasyon sovtaj nan flèv Potomac la.

Gen plizyè moun ki mouri dapre yon moun ki byen ranseye sou ensidan an, men li poko klè ki kantite moun ki viktim.

Virginia: Yon Avyon American Airlines Fè Kolizyon ak Yon Elikoptè Lame Amerikèn
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:47 0:00

Poko gen okenn enfomasyon sou koz kolizyon an ta Mèkredi swa.

Tout vol avyon nan ayeropo Ronald Reagan anile epi elikoptè lapolis ak lot ajans ap sivole sèn nan pou chache sivivan.

Moun te ka wè bato sovtaj gonflab sou flèv Potomac la, ki sitye o no ayewopo a.

Majistra Washington, Muriel Bowser derefize di ki kantite moun yo rekipere.

"Nou pral rekipere tout sitwayen yo," Majistra Bower deklare pandan yon konferans pou laprès.

PDG "AMERICAN AIRLINES" LA ESPRIME PWOFON TRISTÈS LI APRE AKSIDAN AN
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:53 0:00

Kiyès ki te nan Avyon an?

Pami pasaje ki te abo avyon American Airlines la te gen patinè sou glas ak antrenè yo epi manm fanmi yo ki tap tounen lakay yo apre yon antrenman ki te dewoule apre chanpyona patinaj sou glas Etazini yo nan vil Wichita, eta Kansas.

Oganizasyon Patinaj Sou Glas Etazini pibliye yon deklarasyon ki di: "Nou devaste pa trajedi sa a e nou kenbe fanmi viktim yo nan kè nou."

Gen 2 pami antrenè yo ke Kremlen an idantifye kom patinè Ris Evgenia Shiskova ak Vadim Naumov ki ranpote chanpyona mondyal patinaj koup yo an 1994 epi patisipe nan 2 Jezolenpik.

Klib Patinaj Boston di yo se antrenè. Pitit gason yo, Maxim Naumov se yon patinè konpetitif pou Etazini.

XS
SM
MD
LG