Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Trump la Revoke Avoka ki te Patisipe nan Dosye 6 Janvye yo


Foto Achiv: Katye Jeneral Biwo Federal Envestigasyon (FBI) nan Washington, 7 Desanm, 2024.
Foto Achiv: Katye Jeneral Biwo Federal Envestigasyon (FBI) nan Washington, 7 Desanm, 2024.

Administrasyon Trump la revoke yon gwoup avoka akizasyon Etazini ki te travay sou dosye kriminèl 6 Janvye a epi mande non ajan FBI ki te travay sou ankèt atak 6 Janvye a pou li ka revoke yo tou petèt.

Mezi sa a reflete detèminasyon Lamezonblanch pou l kontwole ajans ranfosman dwa Ameriken yo epi revoke anplwaye de karyè ke li kwè pa ase lwayal a Trump.

Minis Jistis adjwen Emil Bove pase lod pou revoke gwoup avoka ki te travay sou dosye 6 Janvye yo kèk jou sèlman apre Prezidan Donald Trump te padone plis pase 1,500 moun lajistis te kondane pou patisipasyon yo nan atak kont Capitol la (syèj palman Etazini).

Yon memo separe Bove voye idantifye plis pase yon demi douzèn responsab wo plase FBI la ke yo mande demisyonnen oswa yo pral revoke yo Lendi.

XS
SM
MD
LG