Accessibility links

Breaking News

RFK Jr te Sou La Defansiv Pandan Odisyon li Devan Sena Etazini


Robert F. Kennedy Jr, moun Prezidan Trump nomen pou pos Sekrete Sante ak Sevis Imen, temwaye devan Komisyon Sante, Edikasyon Travay ak Pansyon Sena Etazini an, 30 Janvye 2025.
Robert F. Kennedy Jr, moun Prezidan Trump nomen pou pos Sekrete Sante ak Sevis Imen, temwaye devan Komisyon Sante, Edikasyon Travay ak Pansyon Sena Etazini an, 30 Janvye 2025.

Robert F. Kennedy Jr, ke Prezidan Donald Trump nomen kom sekretè sante piblik la te fè fas ak kestyon senatè yo pandan odisyon li pou konfime l pou pos la.

Nominasyon misye pa finn two si apre yon Repibliken kle te rejwenn Demokrat yo pou soulve kè sote yo genyen akoz skeptisism Kennedy pa rapo ak vaksinasyon timoun woutin ki anpeche maladi danjre.

Senatè Bill Cassidy, yon Repibliken ki reprezante Lwizyann, di Kennedy Jedi lap "lite" ak nominasyon li malgre li pa di kijan li pral vote.

Cassidy se yon doktè ki dirije komisyon sante Sena a. Li te louvri odisyon an ak kestyon difisil pou Kennedy.

XS
SM
MD
LG