Accessibility links

Breaking News

Rubio Pran Pran Avyon pou al Amerik Santral


Foto Achiv: Sekrete d Eta Etazini Marco Rubio.
Foto Achiv: Sekrete d Eta Etazini Marco Rubio.

Sekretè d Eta Marco Rubio ap fè premye vizit li nan peyi etranje wikenn sa a. Misye pran direksyon Amerik Santral la kote li pral fè piblisite pou priyorite nimewo 1 Prezidan Donald Trump la - redui imigrasyon ilegal - epi pote mesaj ka Etazini vle reprann kontwol Kanal Pananma a malgre lidè rejyonal yo pa dako ditou.

Se yon destinasyon diplomat wo plase yo pa gen abitid priyorize pou premye vwayaj yo nan peyi etranje. Men le fèt ke Rubio chwazi pou l al nan rejyon sa amontre enterè pèsonèl li genyen nan rejyon an epitou entansyon administrasyon Trump la pou l konsantre yon gwo pati politik etranje li sou peyi ki tou pre Etazini.

Afè limite imigrasyon ak konbat trafik dwog ilegal jwe yon wol enpotan nan jefo sa a, men yon lot priyorite se redui enfliyans Lachin - kap ogmante nan Emisfè Oksidantal la.

XS
SM
MD
LG