Senatè Repibliken Ted Cruz, ki reprezante eta Texas nan Sena Etazini, di prezidan Trump te fè yon konkennchen diskou devan 2 chanm Kongrè a madi 4 mas 2025 la. Sete premye diskou prezidan an devan kongrè ameriken an nan komansman dezyem manda li.
Prezidan Donald Trump pase lòd Lendi pou "kanpe" asistans Etazini pou Ikrèn apre yon rankont nan Biwo Oval la kote li te twoke pawòl piman bouk ak Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy.
Nan yon entèvyou esklisiv ak sèvis Ikrenyen Lavwadlamerik, Vis Prezidan Etazini JD Vance pale sou desizyon Prezidan Donald Trump pran pou l kanpe asistans pou Ikrèn.
Lidè ewopeyen yo te reyini nan Lond dimanch 2 mas 2025 pou diskite sou lagè ant Ikrèn ak Larisi.
LOND (AP) — Premye Minis Britanik la, Keir Starmer, mande lidè Ewopeyen yo pou yo mete plis sekirite sou fwontyè yo epi bay Ikrèn tout sipò nesesè pandan li anonse yon plan pou mete fen nan lagè Larisi ap mennen an.
Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelensky, deklare samdi li toujou "pare" pou l siyen yon akò sou minrè ak Etazini, menm si li te echwe apre yon konfli piblik li te genyen ak Prezidan Donald Trump sou televizyon.
Donald Trump avèti sou rezo sosyal li a, Truth Social, lendi 3 mas la : "Lamerik pa pral tolere pozisyon Zelenskyy pi lontan ankò " sou akò lapè pou sispann lagè a nan Ikrèn.
Sekretè Deta Ameriken an Marco Rubio te mande prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky Vandredi, pou l mande eskiz apre li boukante pawòl ak Prezidan Donald Trump nan Mezon Blanch lan.
Vladimir Zelenskyy kite Mezon Blanch lan avan lè apre li menn ak prezidan Ameriken te boukante pawòl piman bouk nan biwo oval la.
Load more