Accessibility links

Breaking News

Lidè Ewopeyen Yo Di Lewòp Kanpe ak Ikrèn


World leaders, most from Europe, attend a press conference after the "Support Ukraine" summit, marking the third anniversary of the Russian invasion, in Kyiv, Ukraine, Feb. 24, 2025.
World leaders, most from Europe, attend a press conference after the "Support Ukraine" summit, marking the third anniversary of the Russian invasion, in Kyiv, Ukraine, Feb. 24, 2025.

Lidè ewopeyen yo te reyini nan Lond dimanch 2 mas 2025 pou diskite sou lagè ant Ikrèn ak Larisi.

Prezidan Ikrenyen an te resevwa yon bèl akèy, kèk jou apre li te oblije kite La Mezon Blanch apre yon diskisyon piman bouk ak Prezidan Donald Trump.

Objektif Somè saa nan kapital britanik la, se pou dirijan ewopeyen yo te boukante lide sou avni gè Larisi ak Ikrèn nan.

Apre twa ane batay fewòs, lidè sa yo te di prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, y ap kontinye sipòte l.

Bèl akèy saa ann Ewòp diferan ak echanj cho Prezidan Donald Trump te genyen ak Zelenskyy nan Biwo Oval la pandan vizit li te fè semèn pase a.

Prezidan Ikrèn lan te la pou siyen yon akò sou minrè ra ak Etazini, men sitiyasyon an te vin chanje devan kamera jounalis yo.

Prezidan Trump an di Zelenskyy “Se swa ou siyen yon akò, oswa n ap rale kò nou. Epi si n rale kò nou, ou pral goumen pou kont ou. Mwen panse sa pap bèl ditou. Men ou pral goumen. Ou pa gen bon kat nan men w. Men lè nou siyen akò sa a, ou pral nan yon pi bon pozisyon. Men ou pa montre ou rekonesan ditou, e sa se pa yon bon bagay.”

Sekrete deta ameriken an, Marco Rubio, deklare dimanch Zelenskyy riske lakoz yon Twazyèm Gè mondyal si li kontinye goumen. Li ajoute, sèl fason pou yo mete fen nan lagè sa a se atravè negosyasyon, pa sou chan batay.

Rubio di “Mwen di li gen zewo chans si nou pa mete yo bò tab negosyasyon an. Pi vit tout moun reyalize lagè sa a se yon move bagay ki ap mennen nan destriksyon ak danje, se pi vit n ap kapab fè pwogrè.”

Pandansetan, sòlda ikrenyen ki blese grav ak pati nan kò yo koupe retounen sou chan batay la. Yo ajoute gen 380,000 Ikrenyen Zelenskyy di ki blese nan lagè a.

Demokrat nan Kongrè Ameriken an di sa se pa bon moman pou Etazini ta abandone yon alye.

Capitol Riot Investigation
Capitol Riot Investigation

Senatè demokrat Amy Klobuchar di “Sòlda mwen te wè semèn pase a nan Ikrèn ki ap resevwa swen medikal, yo gen bra mekanik epi yo tap eseye kanpe pou chante im nasyonal la ak yon sèl pye... Sa a pa moman pou nou kraze espwa Ikrenyen brav sa yo.”

Pandan kantite moun ki blese nan Ikrèn ap ogmante, plizyè vwa kontinye leve tou pou mande bon jan negosyasyon lapè.

Anbasadè Britanik nan Washington Lord Peter Madelson deklare “Nou dwe bay lapè yon chans. Nou dwe kreye kondisyon pou mete ase presyon sou Putin – sou Larisi – pou fòse yo chita bò tab negosyasyon an… Men si bagay yo pa mache byen, nou dwe kanpe bò kote Ikrèn.”

XS
SM
MD
LG