Accessibility links

Breaking News

Trump Kanpe Asistans Etazini pou Ikrèn


Prezidan Donald Trump akeyi Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy nan Lamezonblanch, Washington, 28 Fevriye 2025.
Prezidan Donald Trump akeyi Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy nan Lamezonblanch, Washington, 28 Fevriye 2025.

Prezidan Donald Trump pase lòd Lendi pou "kanpe" asistans Etazini pou Ikrèn apre yon rankont nan Biwo Oval la kote li te twoke pawòl piman bouk ak Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy.

Desizyon sa a vini nan moman Trump ap eseye mete presyon sou Zelenskyy pou l fè chita tande lapè ak Larisi.

Yon pòtpawòl Lamezonblanch deklare Trump konsantre sou jwenn yon akò lapè pou mete fen nan plis pase 3 zan lagè. Konfli a te tanmen lè Larisi te anvayi Ikrèn. Trump vle pou Zelenskyy pran angajman pou l atenn objektif sa a.

Responsab Lamezonblanch la di Associated Press ke Etazini ap "pran yon poz epi revize" asistans li pou "asire lap kontribye ak yon solisyon."

Responsab la te pale sou kondisyon pou yo pa site non li.

XS
SM
MD
LG