Youn nan akize yo, William "Roddie" Bryan te filme videyo sou telefon nan moman yo tap tire e touye Arbery
Depi kèk ane deja se byen souvan moun wè prezidan ameriken an kite Washington pou l al vizite zòn sinitre kote siklòn, inondasyon, dife ak fiziyad pou tout kalte rezon koze dega, dezas ak devastasyon Ozetazini.
"Prezidan Biden te rele nou. Li ofri nou tout konkou l; li pale plizyè fwa pou l di tout asistans posib Eta New York bezwen, l ap jwenn li.” Kathy Hochul, Gouvènè Eta New York
Ayisyen k ap viv nan zòn metwopolitèn Miami an sitou ak sila yo ki abite nan pati sid Eta Florid an jeneral manifeste solidarite yo ak zòn sinistre yo gras ak kotizasyon lajan epi koleksyon materyèl pou voye ede konpatriyòt yo nan Depatman Sid, Nip avèk Grand Ans.
Lajan an plis sa a pral sèvi pou kore plan dijans responsab ayisyen yo mete sou pye pou yo pote èd bay sinistre yo, san bliye moun ki nan zòn ki lwen anpil yo e kote wout ki kraze ou ki pa egziste ditou rann li difisil pou sekouris yo penetre.
Medsen san Fwontyè deklare: “Nou konstate yon deteryorasyon ekstrèmman enkyetan nan sitiyasyon sekirite a. Nan yon moman kote nou ta dwe ranfòse aktivite nou yo akoz KOVID-19 la ak lòt bezwen, se redi n ap redi pou n kenbe lokal nou yo ouvè akoz ensekirite a.”
Nan Pòtoprens, lendi 14 jen 2021 an, bandi ak zam antre nan divès antrepriz sou wout ayewopò a ki oblje ranvwaye anplwaye yo byen bonè poutèt yo pa t santi yo an sekirite ase pou yo te fonksyone. Anpil koutzam te chante; popilasyon an te pran gwo panik anvan pou lapolis te vin redrese sitiyasyon an.
MSF mande pou gwoup oubyen moun ki mele nan zak vyolans an Ayiti yo respekte sekirite travayè lasante yo, malad yo, ekipman medikal yo ak lokal kote li bay swen sante yo; li mande tou yon pasaj sen-e-sòf pou machin lasante yo.
Daprè yon deklarasyon l'ONU pibliye jedi 10 jen 2021 an, moun ki deplase, kite zòn kote yo t ap viv semèn sa a nan divès katye nan Pòtoprens, fè kantite rezidan ki al rete lòt kote pandan 12 mwa ki pase yo, monte rive 10 mil.
Daprè UNICEF, anviwon 4 milyon 400 mil ayisyen ap fè fas ak yon ensekirite alimantè “trè grav”, e 86 mil timoun ki gen mwens ke 5 kan kapab viktim konsekans yon “malnitrisyon trè sevè” ane sa a, tandiske kantite a te 41 mil ane pase.
Nouvèl la fè konnen yon kominote imigan ayisyen ak desandan ayisyen, kote ou jwenn yon popilasyon ki monte rive 2 mil moun, ap kouri risk pou yo pa gen pyès kote pou yo rete akoz operasyon demelisyon sa a ke otorite bahameyen yo pwograme pou vandredi 7 me a.
Anbasadè José Blanco, reprezantan Repiblik Dominikèn nan konsèy l'ONU pou Afè Ekonomik e Sosyal, fè konnen peyi li gen gwo kèsote devan sitiyasyon an lakay vwazen an. Daprè li, se yon sitiyasyon ki merite atansyon total kominote entènasyonal la.
Load more