PÒTOPRENS, AYITI (AP). Vyolans k ap ogmante nan Pòtoprens, kapital Ayiti, fòse preske 8 mil 500 fanm ak timoun kite rezidans yo nan vil la pandan 2 semèn ki pase yo, daprè yon rapò Ajans Nasyon Zini pou Timoun (UNICEF) pibliye.
Otorite yo nan kapital la fè konnen konfwontasyon vyolan ant gang rival pou tèritwa oblije plizyè santèn fanmi kouri kite kay yo ke bandi boule oubyen piye nan katye pòv yo; anpil nan moun sa yo al rete nan stad, jimnasyòm oubyen nan lòt abri pwovizwa kote yo pa gen dlo potab, manje, dra ni rad.
Bruno Maes, reprezantan Ayiti nan Ajans Nasyon Zini pou Timoun (UNICEF) ki pibliye yon rapo sou sitiyasyon an lendi 14 jen 2021 an, konpare konsekans goumen k ap dewoule ant gang yo avèk “plizyè milye timoun ak fanm ki bloke nan mitan 2 gwoup rival yo.”
Pandan 9 mwa ki pase yo, preske 14 mil moun nan Pòtoprens oblije al viv lwen kay yo akoz zak vyolans, dapre biwo l’ONU ki responsab kowòdinasyon aksyon imanitè. Fanmi ki gen timoun piti ap dòmi sou makadanm an siman nan jimnaz òm Kafou a kote se yon sen moso dra ki sèvi yo de kabann, tandiske yo mete tout sa yo posede nan yon sache yo plase prè yo.
Anpil moun prevwa vyolans la pral ogmante nan peyi a nan moman Ayiti ap pare pou eleksyon jeneral ki fikse pou mwa septanm ak novanm. Moun sa yo akize gang yo dèske y ap eseye ogmante sipò popilè pou kèk kandida epi y ap simaye la twoublay nan katye kote militan te òganize manifestasyon kont Prezidan Jovenel Moise
Pierre Espérance, direktè jeneral Rezo Nasyonal Ayisyen Defans Dwamoun (RNDDH), fè konnen gang yo kontwole anviwon 60% tèritwa nasyonal la e yo te rapòte 12 asasina depi 2018 nan zòn defavorize yo. Sepandan, sa ki ba l plis kèsote a, se gwo ogmantasyon moun konstate nan zak vyolans yo nan jou ki fèk pase yo. Li deklare:
“Se sitiyasyon ki pi malouk nou janm konstate. Gang yo tèlman gen pouvwa… epi otorite yo tolere yo… Chak jou peyi a pase ak Jovenel sou pouvwa a, sitiyasyon an pral kontinye deteryore.”
Yon pòtpawòl Prezidan Moise pa t disponib imedyatman pou l bay reyaksyon li.
Semèn pase a, Léon Charles, direktè jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), deklare gang yo ap goumen pou tèritwa e li lanse apèl bay pèp la pou l mande sitwayen yo leve kanpe kont bandi yo. Li di: “Moman an rive pou tout sektè mete tèt yo ansanm.”
Non sèlman gang yo rive enfliltre geto rival yo, men tou yo lanse atak kont biwo polis yo nan semèn ki fèk pase yo –atak kote yo touye anpil polisye. Se konsa tou yo brake boutik ak magazen epi yo ouvri koutzam sou yon kanpayi ki vann machin nan jounen lendi a, sa ki te oblije kliyan yo ak anplwaye yo kouri kite lokal la. Kèk èdtan apre sa, PNH ta pral fè anonse li mete sitiyasyon an sou kontwòl e li t ap kolabore ak sitwayen yo “pou kraze tantativ gang ame sa yo ki vle kout ke kout kreye yon klima latèrè nan peyi a.”
Biwo Entegre Nasyon Zini an Ayiti a (BINUH) fè konnen li gen gwo preyokipasyon devan ranfòsman vyolans gang yo e li mande pou vyolans sa a pran fen dekwa pou èd imanitè kapab al jwenn moun ki nan nesesite yo. Sektè komèsyal la ak lekòl fèmen e transpò piblik la sispann nan katye ke vyolans la plis afekte yo –pami yo gen Marisan ak kèk pati nan Delma kote pa tèlman gen moun k ap antre ou k ap soti nan zòn sa yo paske yo pè pou yo pa mouri anba bal manm gang yo.
Medsen san Fwontyè anonse ant 2 ak 4 jen sant dijans li a nan Matisan resevwa plis pase 40 moun ki te blese pa bal epi anplwaye misyon medikal la te oblije chache abri pou yo pwoteje tèt yo kont bal mawon. MSF di:
“Nou konstate yon deteryorasyon ekstrèmman enkyetan nan sitiyasyon sekirite a. Nan yon moman kote nou ta dwe ranfòse aktivite nou yo akoz KOVID-19 la ak lòt bezwen, se redi n ap redi pou n kenbe lokal nou yo ouvè akoz ensekirite a.”
Youn nan preyokipasyon pwofesyonèl Medsen San Fwontye yo ak lòt espesyalis nan domèn lasante a, se le fèt ke moun yo ka neglije al chache swen sante paske yo pè pou zak vyolans pa blese oubyen touye yo si yo kite kay yo nan moman Ayiti ap redi pou l fè fas ak yon gwo ogmantasyon ka enfeksyon KOVID-19 yo pandan peeyi a toujou ap tann arive premye kagezon vaksen an. Pandansetan, Pierre Espérance, defanse dwamoun nan, deklare li pa prevwa yon solisyon rapid pou kriz la. Li fini pa di: “Li pral absoliman enposib pou eleksyon dewoule an Ayiti pandan ane 2021 an.”