Nan yon deklarasyon pòtpawòl Òganizasyon Nasyon Zini (l ONU), Stéphane Dujarric, pibliye sou sitiyasyon an nan Peyi d Ayiti nanjounen jedi 10jen 2021` an, li pale de vyolans k ap dewoule nan sèten katye kapital la, Ptoprens, kote anpil fanmi kouri kite kay yo pou y al viv lòt kote. Daprè deklarasyon l ONU an, sitiyasyon sa a kreye yon kriz imanitè ki mande yon asistans ijan pou amelyore kondisyon lavi fanmi viktim yo ak pitit yo.
“An Ayiti, daprè kalkil preliminè kòlèg imanitè nou yo fè, plis pase 5 mil moun deplase, kite kote yo t ap viv la, depi kòmansman mwa jen an akoz goumen k ap dewoule ant gang rival nan Pòtoprens.
Ansidan ki rive nan Matisan, Site Solèy ak sou Bèlè, koze lanmò moun, blese moun, mete sou plizyè kay ki boule. Pa egzanp, nan rejyon Matisan gen 4 sivil pou pi piti ki pèdi lavi yo tandiske 29 lòt blese pandan premye semèn mwa jen an sèlman.
Moun nan rejyon nou site yo kouri al viv nan lòt zòn kote yo santi yo an plis sekirite e y ap viv kounyela a ak manm fanmi yo. Sepandan, anpil lòt moun (pami yo genyen timoun) ap dòmi a la bèl etwal, sou makadanm nan oubyen nan azil enpwovize.
Daprè Biwo Kowòdinasyon Afè Imanitè yo (OCHA), moun ki fèk al viv lòt kote yo bezwen asistans ak pwoteksyon yon fason ijan. Pami bezwen priyoritè yo gen bon jan kondisyon lijyèn, abri pou yo rete, posiblite pou yo jwenn dlo potab ak manje. Gen efò k ap fèt aktyèlman pou pote asistans bay 2 mil moun pami sila ki plis vilonerab yo. Nan tèt efò sa yo gen lakomin zòn yo ak Biwo Pwoteksyon Sivil avèk apui Nasyon Zini.
Moun ki deplase semèn sa a fè kantite rezidan ki pati kite zòn kote yo t ap viv pou yo al rete lòt kote pandan 12 mwa ki pase yo, monte rive 10 mil.
Nou menm, ansanm avèk patnè nou yo, n ap fè yon kowòdinasyon sere-sere avèk otorite ayisyen yo pou n garanti ke viktim sa yo jwenn asistans imanitè.”