Prezidan Kiben an, Miguel Diaz-Canel, dekri mèkredi kòm "yon zak britalite" plan prezidan ameriken an genyen pou kenbe imigran san papye ki te sou tèritwa ameriken an nan prizon militè Guantanamo Bay a, nan peyi Kiba.
Donald Trump anonse mèkredi 30 janvye a li ap prepare pou voye imigran san papye nan baz Etazini genyen Guantanamo a.
ARLINGTON, Va. (AP, AFP) — Yon avyon komèsyal American Airlines ki t ap transpòte 60 pasaje ak 4 manm ekipaj fè kolizyon ak yon elikoptè militè ameriken pandan l tap ateri nan Ayewopò Nasyonal Ronald Reagan toupre Washington.
Madi, yon tribinal federal ameriken te blokle tanporèman desizyon administrasyon Trump la te pran pou jele plizyè milya dola èd gouvènman an bay.
Nan yon lèt ki date lendi 27 janvyen 2025 Sekretè Jeneral Nasyonzini an mande Izrayèl pou li "retire" lòd li te bay ajans refijye Nasyonzini an (UNRWA) pou li kite Jerizalèm anvan 30 janvye.
Gouvènman prezidan ameriken an, Donald Trump, anile ekstansyon pwogram pwoteksyon tanporè a (TPS) pou plis pase 600,000 Venezyelyen. TPS la te pwoteje migran sa yo kont ekspilsyon. Se New York Times ki rapòte nouvèl saa mèkredi 29 janvye a.
Lame peyi Ikrèn di mèkredi li te frape yon rafinri nan rejyon Novgorod, nan Larisi. Atak saa, ke otorite ris yo konfime, fèt nan mitan lannwit.
Prezidan ikrenyen an Vladimir Zelensky di Madi 28 janvye a ke "anpil pwojè" nan Ikrèn te bloke akòz Prezidan Donald Trump jele èd Etazini konn bay e ke Kyèv, e li kontinye pou li di yo ap chèche lòt finansman altènatif pou pwojè sa yo.
Pòtpawòl La Mezon Blanch Karoline Leavitt nan premye konferans pou laprès li an te di Madi 28 janvye a ke Donald Trump gen "pouvwa pou revoke nenpòt fonksyonè"gouvènman an, apre revokasyon enspektè jeneral yo ak plizyè ofisyèl nan Depatman Jistis la, yon desisyon ke opozisyon an konteste.
Prezidan Ris Vladimir Putin di Madi ke konfli a nan Ikrèn ta fini nan "2 mwa" si Ikrèn pa jwenn èd militè nan men L oksidan.
Donald Trump te anonse lendi Etazini pral moute taks, nan yon "tan ki pa twò lwen", sou semi-kondiktè yo, men tou sou pwodwi famasi ak metal tankou asye.
Sous diplomatik yo di manifestan nan kapital peyi a (Kinshasa) te lanse atak kont plizyè anbasad, pami yo anbasad peyi Rwanda. Manifestan sa yo swadizan fè atak sa yo pou denonse konfli ki genyen nan lès peyi a.
Lendi 27 janvye a Sena ameriken an, ak yon vòt 68-29, dakò pou milyadè Scott Bessent vin minis Trezò, sa ki mete l nan posizyon pou li al egzekite pwogram ekonomik prezidan Trump la.
Plizyè prezime bandi jwenn arestasyon yo, kèk lòt mouri, nan kad yon operasyon gwo ponyèt Lapolis Nasyonal Ayiti ak Misyon miltinasyonal la mennen ayè lendi a nan komin Kenskòf.
Gouvènman brezilyen an konvoke Chaje Dafè anbasad ameriken an nan Brasilia lendi 27 janvye a pou l te mande eksplikasyon sou tretman degradan, dapre li, yo te bay migran brezilyen ilegal yo pandan ekspilsyon yo.
Lendi, Sekretè Deta ameriken Marco Rubio kondane atak gwoup ame M23 a fè sou vil Goma, nan lès Repiblik demokratik Kongo.
Prezidan Belarisyen Alexander Lukashenko deklare Dimanch 26 janvye a ke li pa "regrèt" deske te pèmèt fLarisi sèvi ak teritwa Belarisyen pou yo anvayi Ikrèn nan mwa fevriye 2022.
Lendi, pòtpawòl gouvènman Izraelyen David Mencer di 8 nan otaj ki te pwograme pou jwenn liberasyon yo nan premye faz akò lapè a ant Izrayèl ak Hamas nan Gaza mouri.
Sekretè Deta Ameriken an anonse dimanch ke Washington sispann remèt viza nan anbasad li nan Kolonbi, kom repons ak desizyon Bogota te pran pou l te anpeche avyon militè ameriken ki te transpote imigran Etazini ateri nan peyil .
Ministè Sante peyi Liban fè konnen kout zam lame izrayelyen an touye yon moun epi blese sèt lòt lendi nan sid peyi a, yon jou apre yo te pwolonje trèv nan lagè ant Izrayèl ak Hezbollah a.
Load more