Accessibility links

Breaking News

Trump Menase Mete Taks sou Materyèl Semi-Kondiktè


FILE PHOTO: US chips are 'no longer safe,' Chinese industry bodies say
FILE PHOTO: US chips are 'no longer safe,' Chinese industry bodies say

Donald Trump te anonse lendi Etazini pral moute taks, nan yon "tan ki pa twò lwen", sou semi-kondiktè yo, men tou sou pwodwi famasi ak metal tankou asye.

Pandan li t ap pale devan kèk eli repibliken nan Miami, prezidan ameriken an, ki toujou itilize menas taks sa a depi li retounen sou pouvwa a 20 janvye pase a, te eksplike, mezi sa a se pou "fè pwodiksyon byen esansyèl sa yo tounen nan peyi Etazini".

Trump voye yon mesaj bay kèk konpayi etranje kote l di, "Si nou vle sispann peye taks oswa tarif ladwann yo, nou dwe bati faktori nou isit la nan peyi Etazini."

"Mwen pral mete taks tou sou asye, aliminyòm, ak kwiv, ansanm ak pwodwi nou bezwen pou lame nou an," dapre sa li te ajoute.

Taks ladwann yo se yon eleman kle nan pwogram ekonomik Donald Trump pou jwenn konsesyon, menm nan men patnè pwòch peyi a, tankou Kanada, Meksik oswa Inyon Ewopeyèn.

Pandan premye manda li a, soti 2017 rive 2021, li te mete gwo taks sou enpòtasyon asye ak aliminyòm, ki te vize menm peyi sa yo. Mezi sa yo te lakòz reprezay nan men prensipal patnè komèsyal Etazini yo.

Daprè ekonomis yo, frè ladwann yo ta ka fè kwasans ekonomik la ralanti epi agrave enflasyon an, paske enpòtatè yo ka ajoute depans siplemantè sa yo sou pri final konsomatè ameriken an peye.

Men, pou sipòtè Donald Trump yo, taks ladwann se yon mwayen pou fè negosyasyon epi reponn fas ak sa yo konsidere kòm pratik komèsyal enjis.

XS
SM
MD
LG