Accessibility links

Breaking News

Chèf Nasyonzini an Mande Izrayèl Wete Demann li Fè pou UNRWA Kite Jerizalèm


ISRAEL-PALESTINIANS/GAZA-CEASEFIRE
ISRAEL-PALESTINIANS/GAZA-CEASEFIRE

Nan yon lèt ki date lendi 27 janvyen 2025 Sekretè Jeneral Nasyonzini an mande Izrayèl pou li "retire" lòd li te bay ajans refijye Nasyonzini an (UNRWA) pou li kite Jerizalèm anvan 30 janvye.

"Mwen regrèt desizyon sa a epi mwen mande gouvènman izrayelyen an pou li wete lòd li a."

Se pawòl Antonio Guterres, ki ensiste pou di Izrayèl pa ka "egzèse pouvwa souveren" sou pati lès vil Jerizalèm.

XS
SM
MD
LG