VP JD Vance: 'Fòk Ikrenyen yo Vinn sou Tab Negosyasyon an ak Prezidan Trump'

Vis Prezidan Etazini JD Vance pale ak jounalis yo nan Capitol la, Washington, 4 Mas, 2025.

Nan yon entèvyou esklisiv ak sèvis Ikrenyen Lavwadlamerik, Vis Prezidan Etazini JD Vance pale sou desizyon Prezidan Donald Trump pran pou l kanpe asistans pou Ikrèn.

"...Nou rive nan yon pwen kote ni Ewòp ni Etazini ni Ikrenyen yo ka kontinye lage sa a endefiniman. Donk li enpòtan pou tout moun vinn sou tab negosyasyon an e prezidan an ap eseye voye yon mesaj presi pou di Ikrenyen yo fòk yo vinn sou tab negosyasyon an epi tanmen negosyasyon ak Prezidan Trump. "

VOA mande vis prezidan an si Etazini pral mete presyon sou Larisi tou pou l negosye lape.

"Nou toujou gen plizyè sanksyon kont Larisi. Nou kwè ekonomi Larisi pa bon akoz konfli sa a. Nou kwè li nan pi bon enterè Larisi epitou nan pi bon enterè Ikrèn ak Etazini pou mete fen nan konfli sa a. Donk nou kwè nan mete presyon sou tout moun sispann touye moun paske se sa ki politik prezidan an e se sa k nan pi bon enterè pèp Ameriken an."


JD Vance te pale ak jounalis sèvis Ikrenyen Vwadlamerik jodia nan Capitòl la kèk hè d tan anvan diskou Prezidan Donald Trump sou eta peyi a.