Vis Prezidan Etazini JD Vance demanti Madi li te derespekte Angletè ak La Frans lè li tap dekri yon fos mentyen lapè pou Ikrèn tankou 20,000 twoup ke "yon peyi aleyatwa ki pa goumen nan lagè depi 30 ou 40 an."
Komantè Vance fè yo te gen rapo ak plan pou yon fos mentyen lapè ke Angletè ak Lafrans ta dirije. Sa te lakoz politisyen ak veteran nan tou le 2 peyi yo di lap dezonore plizyè santèn twoup ki mouri bo kote twoup Ameriken yo nan Afghanistan ak Irak.
Vance di li te "absurdman malonèt" pou sigjere li te kritike twoup Britanik ak Franse yo nan komantè ke li te fè pandan yon entèvyou ak Fox News Lendi.
Vance deklare nan yon mesaj li pibliye sou rezo X: "Mwen pa menm masyone Angletè ak Lafrans nan videyo a, 2 peyi ki goumèn bravman bo kote Etazini pandan dènye 20 an yo se se pa plis."
Se sèlman Angletè ak Lafrans ki pran angajman piblikman vizavi yon fos mentyen lapè Ewopeyen nan Ikrèn.
Vance deklare Madi li tap fè referans ak lot peyi potansyèl nan sa Premye Minis Britanik Keir Starmer dekri pandan wikèn nan tankou: "yon kowalisyon volontye" ki ta kontribye ak nempot ki fos mentyen lapè nan Ikrèn apre fen lagè a.
Pandan 40 an ki pase yo, twoup Britanik ak Franse yo te goumen bo kote twoup Ameriken yo nan Irak ak Afghanistan.
James Cartlidge, potpawol pati opozisyon Konsèvatè Britanik la sou kestyon defans deklare komantè Vance yo "pwofondeman derespektye".
Minis Defans Franse a, Sebastien Lecorni deklare devan palman an: "Nou respekte veteran tout peyi alye yo. Nou pral asire ke yo respekte veteran pa nou tou."