Nan koulwa Sena ameriken an, kèk dizèn manifestan ap fè pòtapòt pou pwoteste kont gwo rediksyon ki fèt nan gouvènman federal la sou inisyativ miltimilyadè Elon Musk.
Manifestasyon menm jan an ap fèt toupatou nan kapital ameriken an ak nan zòn ki toupre l, kote plizyè santèn milye ajan federal ap travay.
Mouvman sa yo fè pati yon gwo pwotestasyon k ap ogmante kont rediksyon pèsonèl ak depans yo, selon desizyon prensipal konsiltan prezidan Donald Trump la, Elon Musk.
Gen kèk fonksyonè ki demisyone pou eksprime kòlè yo. Yon ventèn fonksyonè ki te fè pati ekip Elon Musk ap dirije a voye yon lèt bay Mezon Blanch madi pou anonse yo demisyone ansanm.
Depa yo reprezante yon rediksyon prèske yon tyè nan pèsonèl DOGE, Depatman Efikasite gouvènmantal la, ke patron Tesla ak SpaceX la ap sipèvize. Prezidan repibliken an te mete DOGE kanpe depi apre li te fin prete sèman, 20 janvye 2025 la.
Yon lòt kote Mike Lee yon senatè repibliken UTAH sou rezo sosyal X deklare: "
Nan reyinyon nou jodi ak Elon Musk @elonmusk klarifye ke pèsonèl DOGE
yo pa gen otorite pou revoke travayè federal yo oswa anile kontra oswa peman federal yo. Olye de sa, yo fè rekòmandasyon bay chèf depatman yo ak lòt pèsonèl branch egzekitif ki gen otorite sa yo"