Trump Travay Rapidman Pou Chanje Sa Etazini te Reprezante nan Pase a

Foto Achiv: Prezidan Donald Trump nan Biwo Oval Lamezonblanch, 13 Fevriye, 2025.

Prezidan Donald Trump ap pran mezi rapidman epi ak fòs pou chanje konplètman Etazini lakay ak lòt bò dlo.

Pandan premye mwa li sou pouvwa a, li chanje konplètman politik etranje Etazini, sòti nan alyans istorik, rapwoche l ak Larisi epi koupe asistans etranje.

Ozetazini, li revoke plizyè milye anplwaye federal, epi egzije plizyè ajans federal chanje misyon yo konplètman.

Konbyen pami chanjman sa yo rete pral depann lajman de tribinal yo, ki ta sanble se sèl enstitisyon ki ka tcheke itilizasyon masiv pouvwa egzekitif Trump.

Kongr èa jiskaprezan konfòme l nan moman Trump ap egzekite manda li poukont li olye li konte sou lejislasyon.