Accessibility links

Breaking News

Trump Revoke Chèf Deta Majò Fòs Zame Etazini


Foto Achiv: Jeneral CQ Brown, Chef Deta Majo Fos Zame Etazini.
Foto Achiv: Jeneral CQ Brown, Chef Deta Majo Fos Zame Etazini.

Prezidan Donald Trump revoke sanzatann Jeneral Aviyasyon CQ Brown Junior ki se Chèf Deta Majò Fòs Zame Etazini.

Desizyon an Vandredi swa, wetire yon pilòt konba ki te fè listwa ke militè yo respekte nan kad yon kanpay ki sible lidè militè ki apiye divèsite ak ekite.

Brown se sèlman dezyèm jeneral nwa ki sèvi kòm chèf deta majò fòs zame Etazini. (Premye a sete Jeneral Colin Powell).

Brown te pase 16 mwa nan pòs la kote li te travay sou lagè Ikrèn ak konfli Mwayèn Oryan an.

Sepandan moun tap poze kestyon sou avni Brown pandan odisyon konfimasyon Sekretè Defans Pete Hegseth devan Komisyon Sèvis Fòs Zame Sena Ameriken an.

XS
SM
MD
LG