Òganizasyon Nasyonzini mande plis pase $900 milyon pou ede Ayiti fè fas ak kriz imanitè ki pa sispann vin pi pal.
Selon Nasyonzini, lajan se pou ede 3.9 milyon Ayisyen ki nan yon sitiyason imanitè ki grav, tankou moun ki kouri kite lakay yo akoz atak gang yo, abitan ki ap viv nan katye ki anba kontwòl gwoup nèg ak zam yo, kominote ki gen moun ki trape viris kolera elatriye.
Nazyonzini souliye: "Sitiyason imanitè a an Ayiti pa sispann deteryore pandan tout ane 2024 la. Vyolans nèg ak zam yo lakoz yon soufrans san mezi, sitou sou fanm ak timoun yo".
N ap fè sonje, dapre dènye rapò ajans Ocha, gen plis pase 5.5 milyon Ayisyen ki nan yon ensekirite alimantè grav, 2 milyon ladan yo bezwen èd an ijans e 6000 ap viv nan grangou
Anplis de sa, selon OIM, gen plis pase 1 milyon Ayisyen ki oblije kouri kite lakay yo akoz vyolans gang yo.
Pou rive pote yon solisyon ak kriz la, Nasyonzini mande $908,2 milyon (dola ameriken.)
Pi lwen, sekretè jeneral Nasyonzini an, António Guterres pwopoze konsèy sekirite a, pou fè kèk chanjman nan Fòs miltinasyonal la, nan lide pou LONI ka pran an chaj aspè lojistik misyon an.