Accessibility links

Breaking News

Guterres di Lap Travay sou yon Plan pou Misyon Entenasyonal Ayiti a


Foto Achiv: Sekrete Jeneral Antonio Guterres.
Foto Achiv: Sekrete Jeneral Antonio Guterres.

Sekretè Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres deklare Mèkredi li pral prezante kèk plan pou misyon entènasyonal pou Ayiti a pi ta mwa sa a. Guterres fè deklarasyon an nan la Barbad kote lap asiste rankont CARICOM nan.

Guterres di "Fòk nou kontinye travay pou mete an plas yon pwosesis politik - ke Ayisyen dirije - ki restore enstitisyon demokratik yo atravè eleksyon.

Sekretè Jeneral la di li gen entansyon prezante bay Konsèy Sekirite a yon plan ki sanble anpil ak plan li te prezante pou Somali, kote LONU pran responsabilite pou depans striktirèl ak lojistik ki nesesè pou mete fòs miltinasyonal la an plas. Yon trust fund ta jere salè manm fòs la.

Korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer, kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG