Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ameriken Fè PNH Kado yon Lo Materyèl pou Batay Kont Gang yo


Gouvènman ameriken fè PNH kado yon lo materyèl pou batay kont gang yo
Gouvènman ameriken fè PNH kado yon lo materyèl pou batay kont gang yo

Depatman Deta ameriken fè Polis Nasyonal Ayiti a kado yon latriye materyèl pou ranfòse kapasite enstisisyon an nan batay l ap mennen kont gang k ap simen latwoublay nan peyi a.

Nan yon seremoni ki fèt yè lendi a nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) e ki dewoule devan anbasadè ameriken an ann Ayiti, Dennis B. Hankins, ansanm ak prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Leslie Voltaire, gouvènman ameriken an remèt PNH ekipman sa yo ki pral ranfòse lit li kont bandi yo.

PNH ak misyon miltinasyonal la anonse yo resevwa 600 fizi, 9 machin, 2 kamyon ak lòt ekipman lou.

Nouvo ekipman sa yo pral pèmèt fòs lòd yo pi byen ekipe pou fè travay yo nan kwape bandi ki vle fè lalwa nan peyi a.

N ap raple, pandan weekend nan, Lapolis ansanm ak MMAS la te menenn yon operasyon gwo ponyèt nan Kwadèboukè pou kraze aktivite kanaval Gwoup 400 Mawozo t ap òganize nan komin nan.

XS
SM
MD
LG