Accessibility links

Breaking News

Operasyon nan Taba : Lapolis mete anba kòd plizyè prezime manm gang Kraze baryè


PNH Armor Vehicle
PNH Armor Vehicle

Lapolis Nasyonal Ayiti mete anba kòd, pandan weekend ki sot pase a, plizyè prezime bandi ki fè pati gang Kraze baryè a, ki gen nan tèt li Vitelhomme Inocent, k ap opere nan komin Taba.

Nan yon operasyon PNH mennen nan tèt kole kole ak misyon miltinasyonal la nan Taba, fòs lòd yo fouke plizyè moun ki sanble se manm gang Kraze baryè, selon sa MMAS la fè konnen nan yon kominike pou laprès li pibliye 11 fevriye 2025 la.

Nan operasyon gwo ponyèt ki fèt dimanch 9 fevriye a, non sèlman otorite yo met lapat sou plizyè asayan, men tou yo sezi 15 zam ak 12 radyo kominikasyon gang Kraze baryè a t ap itilize.

Selon misyon miltinasyonal la, Vitelhomme sibi yon "gwo kou" apre entèvansyon sa a nan Taba.

MMAS la renouvle angajman l pou l kontinye batay kont gang yo pou lapè ka tabli nan peyi a

XS
SM
MD
LG