Accessibility links

Breaking News

PNH libere 16 Otaj ki Te nan Men Gang Kraze Baryè


Lapolis Ayiti pran pozisyon devan katye jeneral PNH la nan Potoprens, apre arive Guy Philippe ke Etazini rapatriye 30 Nov. 2023.
Lapolis Ayiti pran pozisyon devan katye jeneral PNH la nan Potoprens, apre arive Guy Philippe ke Etazini rapatriye 30 Nov. 2023.

Sèz (16) moun gwoup gang kraze baryè te pran an otaj, jwenn liberasyon yo, ayè madi a, apre yon operasyon Lapolis Nasyyonal Ayiti, mennen nan plizyè lokalite nan komin Petyonvil ki te se sou kontwòl gang yo.

Fòs lòd mennen operasyon gwo ponyèt sa nan lokalte Grojan, Corvette, Lakou New York, ak Docco, dapre sa pòtpawòl adjwen lapolis la, Lionel Lazarre anonse.

Otaj yo ki te nan men gang yo depi dimanch, jwen liberasyon ayè madi a vè zòn 5è edmi nan aprè midi, selon Lionel Lazarre ki pat an mezi pou konfime si otorite yo rive met lapat sou kidnapè yo ou manm ganm Kraze baryè a.

N ap fè sonje, PNH la tan tèt kole ak misyon miltinasyonal la, te mennen, lendi ki sot pase la, yon operasyon gwo ponyèt nan fyèf gang Kraze Baryè a ki gen nan tèt li Vitelhomme Innocent.

Plizyè prezime bandi gang kraze baryè fè vwal pou peyi san chapo nan kad operasyon sa kote fòs lòd yo sezi 2 zam.

Pòtvwa PNH la fè konnen, otorite yo detèmine pou reprann kontwòl tout zòn ki sou lobedyans gang yo pou pèmèt aktivite reprann kòmsadwa nan zòn sa yo.

XS
SM
MD
LG