Se pandan l t ap suiv kou anndan lekòl CEDI ki chita kò l sou wout Boudon an, Massenat Lebelt, resevwa yon bal mawon nan tèt.
Katouch sa mete fen ak avni, rèv, objektif etidyan 2èm ane a te genyen.
Pou primati a, lanmò britsoukou Massenat Lebelt se yon "krim lèd" yon "zak regretab ki plonje pi fon toujou sosyete a nan dezolasyon.
Bò kote pal, Konsèy prezidansyèl tranzisyon di li "sezi" aprann zak sa ki mete dlo nan je kominote etidyan an e pèp ayisyen an.
Ni prmati a, ni Laprezidans kondane krim nan e renouvle detèminasyon yo pou yo kwape aktivite gang yo pou lapè ka tabli nan peyi a