Trump Sispann Ransèyman Biden Sou Kestyon Tòp Sekrè Etazini

Prezidan Donald Trump (a goch) mache ak Premye Dam Melania Trump pou akonpaye ansyen Prezidan Joe Biden ak madanm ni Jill Biden apre envestiti li, 20 Janvye 2025.

Prezidan Donald Trump di lap revoke dwa ansyen Prezidan Joe Biden pou l gen aksè ak pi gwo sekrè Etazini yo epi mete fen nan ransèyman li resevwa chak jou. Se yon mezi kif-kif pou sa Biden te fè l an 2021.

Trump anonse nouvèl la Vandredi sou rezo sosyal yo yon ti tan apre li te rive lakay li nan Florid, Mar-a-Lago, kote lap pase wikèn nan.

Trump di "pa gen nesesite" pou Biden kontinye resevwa aksè ak enfomasyon sekrè e ke li pral revoke dwa sa a "tou suit".

Nan fen mesaj li Trump di "Mwen pral toujou pwoteje Sekirite Nasyonal nou - JOE M REVOKE W. FE AMERIK GRAN ANKO!"

Biden poko fè komantè sou mezi a.