Anplwaye Ajans Ameriken pou Asistans Entènasyonal, USAID, ap kouri chache repons epi ranmase pakèt yo.
Sityasyon kawotik ki egziste pou moun sa yo vini apre administrasyon Trump la te sanzatann wetire prèske tout nan pòs yo Ozetazini ak nan peyi etranje.
Nan Washington, palmante Demokrat yo ak moun ki apiye USAID te pran lari Mèkredi pou pwoteste kont jefò pou kraze ajans asistans endepandan ke Etazini te tabli sa gen 60 an desa.
USAID se youn pami ajans ki sibi pi gwo kou depi administrasyon Trump la ak ekip Elon Musk la te komanse vize pwogram federal ke yo di gaspiye lajan e pa aliye ak ajanda konsèvatè yo a.