Otorite yo rive rekipere kadav tou le 67 viktim kolizyon avyon ak elikoptè ki te fèt tou pre ayeropò nasyonal Ronald Reagan nan nan Washington.
Otorite yo fè konnen Madi, prensipal responsab medikal la toujou ap eseye idantifye yon kadav.
Nouvèl la tonbe nan moman ekip yo tap travay pou wetire debri avyon yo nan flèv Potomac la.
Avyon yo te fè kolizyon Mèkredi swa (29 Janvye) nan moman avyon American Airlines lan tap pare pou l ateri nan ayewopò Ronald Reagan nan tou pre a.
American Airlines te gen 60 pasaje ak 4 manm ekipaj abò, pami yo patinè sou glas Ameriken ki tap tounen lakay yo apre yo te finn patisipe nan chanpyona patinaj sou glas Ameriken yo nan vil Wichita, eta Kansas.