Accessibility links

Breaking News

Otorite yo di yo Jwenn Epi Idantifye Kadav 55 sou 67 Viktim Kolizyon ki te Fèt nan Lèzè nan DC a


Philadelphia Small Plane Crash
Philadelphia Small Plane Crash

ARLINGTON, Va. (AP) — Otorite yo di yo jwenn kadav 55 sou 67 moun ki pèdi lavi yo nan dezas avyon pi grav Ozetazini janm konnen depi 2001.

Chèf Ponpye ak Sèvis Ijans Washington, D.C., John Donnelly, te di dimanch plonjè yo toujou ap eseye jwenn kò 12 lòt viktim epi yo angaje yo pou rekipere kadav yo avèk diyite pandan yo t ap prepare pou yo wetire debri avyon an nan Rivyè Potomac apati lendi maten.

Kolonèl Francis B. Pera, ki nan Kò Jeni militè a, di yap anbake mòso avyon an sou kamyon plat epi transpòte yo yon kote pou plis ankèt.

Yo te pale kèk èdtan apre fanmi viktim yo te vizite kote aksidan an te fèt la.

XS
SM
MD
LG