Lachin Repon Tarif Etazini yo ak Tarif Pa l

Foto Achiv: Pope tradisyonel Ris ki rele Matryoshka ki gen imaj Prezidan Chinwa Xi Jinping ak Prezidan Etazini Donald Trump sou yo.

Lachin anonse tarif kont kèk pwodui Ameriken kom reprezay pou tarif Etazini enpoze kont pwodui li voye vann Ozetazini. Met sou sa, Peken anonse yon ankèt sou Google.

Anons Lachin vini kèk minit sèlman apre tarif Prezidan Ameriken Donald Trump te antre ann aplikasyon.

Se pa premye fwa peyi yo dozado sou kestyon komèsyal.

Lachin ak Etazini te mele nan yon gè komèsyal an 2018 lè Trump te ogmante tarif sou pwodui Chinwa yo epi Peken te fè mèman parèyman.

Analis yo di Lachin pi byen pare pou kontre tarif Ameriken yo fwa sa a, men tou Peken gen kè sote pran mezi ki taka deranje pwop ekonomi pa li ki depann anpil sou komès.