Prezidan Donald Trump papral enpoze tarif kont Meksik ak Kanada Madi jan li te menase pou fè l - olye de sa li kanpe desizyon an pou 30 jou.
Dapre nouvèl yo Trump pran desizyon sa a apre 2 peyi vwazen Etazini yo antann yo ak Etazini pou ogmante jefò yo pou sekirize fwontyè a.
Samdi ki sot pase a, Trump te pase lòd pou yo enpoze 25% tarif kont tout pwodui Meksiken ak Kanadyen epi 10% kont pwodui enèjetik Kanadyen yo. Tarif yo tapral antre an aplikasyon a midi Madi.
Meksik ak Kanada te reponn ak tarif pa yo kont pwodui Ameriken, sa ki te ogmante chans pou yon lagè komèsyal pi laj.
Nan yon deklarasyon li pibliye sou rezo sosyal X, Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau deklare pandan yon apèl telefonik ak Trump li te pwomèt pou kowopere pi plis sou sekirite fwontyè a.
Desizyon Kanada a vini apre Meksik te fè mèman parèyman Lendi maten.
Trudeau deklare: "tarif pwopoze yo kanpe pou omwens 30 jou pandan nap travay ansanm."