Accessibility links

Breaking News

Lachin Renouvle Menas pou l Pran Reprezay Kont Tarif Etazini yo


Foto Achiv: Pope tradisyonel Ris ki rele Matryoshka ki gen imaj Prezidan Chinwa Xi Jinping ak Prezidan Etazini Donald Trump sou yo.
Foto Achiv: Pope tradisyonel Ris ki rele Matryoshka ki gen imaj Prezidan Chinwa Xi Jinping ak Prezidan Etazini Donald Trump sou yo.

Lachin repete ankò li pral pran "mezi ki nesesè pou kontre" tarif 10% Prezidan Etazini Donald Trump deside enpoze kont pwodui Chinwa yo. Trump akize Lachin dèske li pa fè ase pou kwape pwodiksyon pwodui chimik moun sèvi pou fabrike dwòg ki rele fentanyl la.

Ministè Afè Etranje a pibliye yon diklarasyon Dimanch ki pa di egzakteman kisa Lachin pral fè men li di "Lachin lanse apèl bay Etazini pou l korije erè li yo, mentni dinamik pozitif ke nou goumen pou atenn nan domèn kowoperasyon kont dwòg ilegal epi pwomouvwa devlopman fèm, fyab e soustenab relasyon ant Lachin ak Etazini."

Lachin di tafi Ameriken yo vyole règ Oganizasyon Komès Mondyal la e li sèmante pou l soulve kestyon an devan komisyon ki jere komès kap fèt toupatou nan mond lan.

XS
SM
MD
LG