Accessibility links

Breaking News

Trump Pral Pale ak Xi Madi


Foto Achiv: Prezidan Donald Trump rankontre Prezidan Lachin Xi Jinping nan komansman yon rankont bilateral nan some G20 an nan Osaka, Japon, 29 Jyen 2019.
Foto Achiv: Prezidan Donald Trump rankontre Prezidan Lachin Xi Jinping nan komansman yon rankont bilateral nan some G20 an nan Osaka, Japon, 29 Jyen 2019.

Prezidan Etazini Donald Trump pral pale ak Prezidan Lachin Xi Jinping Madi, dapre sa konseye komèsyal li, Peter Navarro di medya Ameriken Politico Live.

Konvèsasyon an ap dewoule nan moman tarif 10% Trump enpoze kont pwodui Chinwa yo antre an aplikasyon. Peken te reponn tarif sa yo kif-kif.

Le jounalis yo mande l kijan konsomatè Ameriken ak konpayi yo ta dwe konprann tarif Chinwa yo, Navarro di Politico: "Ann gade sak pral pase ak apèl jodia."

Sekretè de près Lamezonblanch la, Karoline Leavitt pat bay okenn nouvo detay sou apèl Trump-Xi a Madi maten. Sèl sa li te di se ke li pral dewoule "talè".

XS
SM
MD
LG