Senatè Ameriken Brian Schatz, yon Demokrat ki reprezante Hawaii nan Sena Etazini, deklare Lendi li pral bloke vòt Sena a sou pos diplomatik Prezidan Donald Trump pwopoze, akoz tantativ kap fèt pou fèmen USAID (Ajans Ameriken pou Devlopmen Entènasyonal). Trump vle pou ajans sa a, ki endepandan antre nan Depatman d Eta a.
Dapre règleman Sena a, yon senatè ka kanpe pwosesis apwobasyon nominasyon yo menm si lòt 99 senatè yo vle pou yo avanse rapidman. Sa fòse Sena a epuize yon pakèt hè pou fè nominasyon oubyen pwomosyon yo avanse.
Moun kenbe pannkat devan bilding USAID a apre milyade Elon Musk lanse yon jefo pou redui anplwaye ajans la epi femen l nan Washington, 3 Fevriye 2025.
Trump di milyadè Elon Musk gen kom misyon pou koupe depans gouvènman federal la ke yo konsidere tankou gaspiyaj. Lap dirije yon jefò aktyèlman pou fèmen USAID an menm tan ke li lanse kritik piman bouk ak akizasyon san fondman kont ajans sa a.
Senate Chris Van Hollen (Demokrat Maryland) kanpe deye pot Ajans Ameriken pou Devlopman Entenasyonal la, Elon Musk, kap dirije yon jefo pou fe gwo rediksyon nan ajans la, 3 Fevriye 2024.
USAID finanse pwogram asistans nan divès domèn tankou swen sante pou fanm nan zòn konfli, aksè ak dlo pwòp, sekirite enèji ak jefò anti-koripsyon. Se USAID ki te bay 42% asistans imanitè nan mond lan dapre done Nasyonzini pibliye pou ane 2024 la.
Lendi anplwaye USAID yo te resevwa lòd pou yo rete lakay yo, apre nouvèl ki rapòte plizyè santèn nan yo e otan ke plizyè milye te revoke.