Accessibility links

Breaking News

Trump Ranvwaye Tarif sou Pi Fò Pwodui Meksiken pou Yon Mwa


Prezidan Donald Trump fe yon anons sou yon envestisman nan Lamezonblanch, Washington, 3 Mas, 2025.
Prezidan Donald Trump fe yon anons sou yon envestisman nan Lamezonblanch, Washington, 3 Mas, 2025.

Prezidan Donald Trump ranvwaye 25% tarif sou pwodui Meksiken yo pou yon mwa apre yon konvèsasyon li te genyen ak prezidan peyi sa a.

Trump anonse nouvèl la apre Sekretè Komès li, Howard Lutnick te deklare Etazini pral ranvwaye tarif sou Kanada ak Meksik.

Sa fè dezyèm fwa Trump anonse lap ranvwaye tarif yo pou yon mwa depi li te devwale lide pou enpoze tarif sou pwodui etranje yo nan kòmansman mwad Fevriye a.

Peryòd gras la pral aplike pou pwodui ki konfòme yo ak ako komèsyal Trump te negosye ak Kanada ak Meksik pandan premye manda li.

Trump deklare sou rezo sosyal li, Truth Social: "Nap travay di, ansanm sou fwontyè a an tèm de anpeche migran ilegal antre Etazini epitou dwog fentanyl la."

XS
SM
MD
LG