Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau deklare jedi 27 fevriye a, Kanada ap travay 24 sou 24 pou evite tarif ameriken yo. Li kontinye pou di pral gen yon repons "imedya" si tarif ameriken yo antre an vigè semen pwochèn.
"N ap travay lajounen kou lannwit ak yon sèl objektif: pou evite tarif yo enpoze Madi a" .
Trudeau te fè deklarasyon sa yo apre Prezidan Donald Trump te afime li te avanse ak pwosesis pou enpoze tarif yo. Prezidan di li "inakseptab" ke kontrebann fentanyl ap antre Etazini.