Accessibility links

Breaking News

Tarif Ladwann : "Inyon Ewopeyèn ap Reponn Kif-Kif" si Ameriken "Kenbe Ogmantasyon yo"


Aerial view of trucks queueing next to the border wall before crossing to the United States at Otay commercial port in Tijuana, Baja California state, Mexico, Jan. 22, 2025.
Aerial view of trucks queueing next to the border wall before crossing to the United States at Otay commercial port in Tijuana, Baja California state, Mexico, Jan. 22, 2025.

Inyon Ewopeyèn di l "ap fè menm jan" si Etazini takse pwodui li yo 25% dapre sa minis fransè Ekonomi an, Eric Lombard, deklare bay AFP jedi, apre anons Prezidan Donald Trump fe pou di li pral aplike mezi sa a "byento".

"Li klè, si Ameriken yo kenbe ogmantasyon frè ladwann yo, jan prezidan Trump anonse sa, Inyon Ewopeyèn ap reponn menm jan an," dapre sa li deklare pandan yon reyinyon G20 nan Cape Town, Afrik disid.

"Menm si sa pa favorab pou enterè jeneral, nou dwe, nou menm tou, pwoteje enterè nou ak enterè peyi manm Inyon an," toujou selon Eric Lombard.

Lokatè Mezon Blanch la te deklare mèkredi, li gen entansyon aplike "byento" 25% taks ladwann sou pwodwi ewopeyen yo. Se menm ogmantasyon taks pwodwi Kanadyen ak Meksiken yo ta dwe sibi nan kòmansman avril la.

"Gè tarif yo mennen nan enflasyon, yo lakòz mwens kwasans epi yo pa yon solisyon. Se sa nou te di minis Scott Bessent tou." Se deklarasyon minis fransè a fè, apre yon echanj ak Ameriken yo.

XS
SM
MD
LG