Accessibility links

Breaking News

Tarif Ameriken yo Antre Ann Aplikasyon; Meksik, Kanada ak Lachin Reponn Kif-Kif


Foto Konbinezon: (gosh a dwat) Prezidan Donald Trump, Premye Minis Kanada Justin Trudeau, Preizdan Chinwa Xi Jinping, Prezidan Meksik Claudia Sheinbaum.
Foto Konbinezon: (gosh a dwat) Prezidan Donald Trump, Premye Minis Kanada Justin Trudeau, Preizdan Chinwa Xi Jinping, Prezidan Meksik Claudia Sheinbaum.

Tarif Prezidan Donald Trump te menase depi lontan pou l enpoze kont Kanada ak Meksik antre ann aplikasyon epi deklanche yon gè komèsyal ak peyi vwazen Etazini yo.

Apati minui Madi, pwodui ki soti Kanada ak Meksik te gen yon taks 25% sou yo. Pwodui enèjetik Kanadyen yo ap gen 10% taks sou yo. Met sou sa, Trump enpoze 10% tarif sou pwodui Chinwa yo depi Fevriye epi double yo a 20% jodi Madi a.

Lachin reponn Madi ak tarif adisyonèl 15% sou yon varyete pwodui agrikòl Ameriken ak lot mezi ankò.

Kanada ak Meksik anonse tarif sou pwodui Ameriken.

Mezi Trump yo ogmante kè sote pou enflasyon an pa monte. Trump te pwomèt pèp Ameriken an taks sou pwodui etranje se chimen pi fasil pou aten pwosperite nasyonal.

XS
SM
MD
LG