Accessibility links

Breaking News

Anbasad Ameriken Toupatou nan Mond Lan Resevwa Lòd pou Pare pou Rediksyon nan Pesonèl yo


Foto Achiv: Jandam Ayisyen veye Anbasad Etazini nan Potoprens, 29 Avril, 2019.
Foto Achiv: Jandam Ayisyen veye Anbasad Etazini nan Potoprens, 29 Avril, 2019.

Administrasyon Prezidan Donald Trump la mande anbasad Ameriken toupatou nan mond lan pou fè preparasyon pou rediksyon nan pèsonèl yo. Se sa 3 sous ki familye ak kestyon an di Reuters Jedi. Mezi sa a tonbe nan kad jefò prezidan Repibliken an ap fè pou l fè yon gwo remaniman nan kò diplomatik Ameriken an.

Sous yo di Reuters gen anbasad ke yo mande egzamine kijan yo pral redui ni anplwaye Ameriken ni etranje kap travay pou anbasad la de 10% chak.

Yo mande anbasad yo voye yon lis anplwaye yo bay Depatman d Eta Vandredi pou pi ta, epi apre sa yo va detèmine ki aksyon yap pran.

XS
SM
MD
LG